Abèl:Yon moun ki pat gen pèsòn sou kè l.-part 2.
Men dezyèm pati edisyon espesyal nou an. Nou pral gade pi pre viktim nan, mobil krim nan, ak fason nou dwe aji antanke sitwayen konsyan jodi a.
🔴 [ BREAKING NEWS ] – PATI 2: ANKÈT SOU VIKTIM NAN AK MOBIL KRIM NAN
TIT:ABÈL: YON MOUN KI PA T GEN PÈSONN SOU KÈ L
ESLOGAN:"Paske chak lavi konte, nou se gadò frè nou."
👤 KIYÈS ABÈL TE YE?
Dapre enfòmasyon nou kolekte nan katye a, Abèl te konnen kòm yon moun ki gen anpil respè ak disiplin. Pandan frè l t ap travay di nan jaden, Abèl li menm te wè lavi l nan pran swen bèt.
• Yon moun ki bay sa ki pi bon: Li pa t konn fè radyo ak travay li. Lè l t ap ofri, li te chwazi premye pitit nan bét li yo, sa ki te pi gra, sa ki te gen plis valè.
• Yon senbòl entegrite: Abèl reprezante moun sa yo nan sosyete a ki fè sa ki byen san bri, san chache parèt, men ki mete tout kè yo nan sa y ap fè.
🔪 POUKISA KAYEN TE TOUYE L? (Mobil Krim nan)
Ankèt la revele ke se pa t yon pwoblèm tè oswa lajan. Rezon an pi fon e li pi danjere:
1. Konparezon ak Jalouzi: Kayen te wè siksè espirityèl frè l la kòm yon menas. Olye li te chèche konnen kijan li menm li te ka amelyore ofrann pa l, li te prefere rayi moun ki te reyisi a.
2. Refize pran Konsèy: Rapò yo montre Kayen te jwenn avètisman davans. Yo te di l "veye kò l", men lògèy te anpeche l koute.
3. Krim Planifye: Li pa t touye Abèl devan tout moun. Li te itilize riz, li te envite l "ale nan jaden", yon kote yo te sèl, pou l te ka komèt zak la.
🛡️ KI POZISYON NOU TA DWE PRAN JODI A?
Antanke sosyete k ap kouté "Breaking News ChristCapable" sa a nan ane 2026 la, men pozisyon nou dwe adopte:
• Sispann "Konparezon Destriktirf" la: Siksè yon lòt moun pa vle di ou echwe. Pozisyon nou dwe pran se selebre sa k ap mache pou frè nou, pandan n ap travay sou pwòp rannman pa nou.
• Soti nan Silans: Lè nou wè yon moun k ap mouri anba jalouzi oswa kòlè, nou pa dwe rete bra kwaze. Pozisyon nou se entèvni ak lapawòl anvan men an leve.
• Pran Responsablite nou: Nou pa ka reponn tankou Kayen: "Eske se mwen k ap siveye frè m?". Wi, repons lan se WI. Nou chak gen yon responsablite pou nou pwoteje ak sipòte moun ki bò kote nou.
NÒT POU LÈSITÈ YO:(nou menm kap koute a)
Lanmò Abèl se yon rèl k ap monte soti nan tè a jouk jodi a. Li mande nou pou nou pa janm kite "nwa" ki nan kè nou an touye "limyè" ki nan men frè nou.
Reté branché pou n tandé santans Kayen!
CHRIST CAPABLE,breaking news sou Bib la.
Comments
Post a Comment