Yon konfli fratrisid ki souke kreyasyon an! -part1
1.FLASH ENFÒMASYON: DRAM NAN JADEN AN
Rapòtè:Christ Capable Nouvèl
Lye:Andeyò vil la
Sijè:Yon konfli fratrisid ki souke kreyasyon an
🚨 GWO NOUVÈL
Nou fèk aprann yon nouvèl ki bay dlo nan je: Yo jwenn kò jenn gason ki rele Abèl la san lavi nan yon jaden. Premye eleman ankèt yo montre se pwòp frè li, Kayen, ki ta komèt zak malonèt sa a apre yon diskisyon ki vire mal.
🔍 ANALIZ SITIYASYON AN
Dapre temwayaj nou kolekte, dram nan ta kòmanse nan yon kesyon konpetisyon ak jalouzi anba kouvèti ofrann relijye. Kayen pa t ka sipòte siksè frè l la, sa ki te pouse l aji ak britalite olye li te chèche amelyore pwòp tèt li.
BONDYÉ,*fè premyé deklarasyon l*
⚠️ AVÈTISMAN POU JODI A (Message d'Alerte)
Mesaj sa a se pou nou tout k ap koute: Jalouzi se yon pwazon silansye. Men kèk pwen pou nou veye nan lavi nou jodi a:
1. Veye sou kòlè k ap monte: Lè n santi nou pa kontan paske yon lòt moun reyisi, se yon siyal alaman. Pa kite kòlè a dòmi nan kè nou.
2. Nou se gadò frè nou: Nou pa ka fè kòmsi sa k ap rive lòt moun pa gade nou. Sosyete a ap kraze si chak moun ap panse ak tèt yo sèlman.
3. Chwazi dyalòg olye de vyolans: Kayen te chwazi silans pou l te ka atake. Pale sa k nan kè w anvan li twò ta.
Konsekans lan klè: Lè nou chwazi chemen Kayen an, nou vin tankou moun k ap moute desann san direksyon, pèdi nan yon dezè espirityèl.
Rete branché sou Christ Capable pou rès enfòmasyon yo.
Christ Capable Breaking News!
Bon travay Christ Capable,m edifyé kontinyé ak travay n ap fè a.
ReplyDelete